Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

AHML kondane ansasinay jounalis yo nan atak gang yo fè sou lopital Jeneral la

Mag Haiti by Mag Haiti
December 25, 2024
in Société
0
AHML kondane ansasinay jounalis yo nan atak gang yo fè sou lopital Jeneral la

Nan yon nòt yo pibliye jodi mèkredi 25 desanm 2024 la, Asosiyasyon Ayisyen Medya Anliy yo (AHML) di li kondane ansasinay 2 jounalis yo nan atak gang yo fè sou lopital Jeneral la. Daprè yo menm, minis sante a, Duckenson Lorthe Blema se premye responsab dram sa ki pase ayè madi 24 desanm nan.

« Asosiyasyon Ayisyen Medya Anliy yo (AHML) kondane ak tout fòs li ansasinay jounalis Mackendy Natoux, Jimmy Jean, ak polisye Daniel Renaud ki fèt madi 24 desanm 2024 la », daprè sa nou li nan nòt sa ki kondane tou 7 lòt jounalis ki rive blese nan gwo atak sa teyoris “Viv ansanm” yo fè sou pi gwo lopital peyi a.

Pi lwen, responsab yo nan asosiyasyon sa lonje dwèt yo sou minis sante a ak gouvènman an kòm responsab zak malonèt sa ki rive a. Paske yo eksplike nan yon premye tan, jounalis yo te al nan lopital la se te sou envitasyon minis lan, e li te menm rankontre, avan sa, ak plizyè direktè epi lòt responsab lopital la. Nan yon lòt tan, yo fè konnen minis lan pa t menm avèti fòs lòd yo sa li ta pral fè a.

« Nan sans sa, AHML pran minis Duckenson Lorthe Blema kòm premye responsab sa ki fèt la. Paske li pa t byen planifye inisyativ li a ak lapolis epi Lame Ayiti (FAD’H), sa ki fè gen ansasinay sa kèk lè avan fèt Nwèl la. », toujou daprè sa yo deklare.

Nan sans sa, pandan yo voye senpati bay fanmi ki afekte yo, yo pwofite mande gouvènman an pou sispann ak divès nòt kondanasyon yo, ki selon yo pa sifi. Yo mande pito pou gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a ak tout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) fè yon fason pou bay jistis epi dedomaje viktim dram sa.

N ap raple, nan yon konferans pou laprès li te bay aprè zak la, Minis lan te demanti pawòl ki fè kwè fòs lòd yo pa t okouran sa l ta pral fè a. Se pou sa, doktè Lorthe te mande pou tout moun pran responsabilite yo pandan l te pwofite deklare : « Ministè a te gen garanti nan men fòs lòd yo pou tout dispozisyon te pran pou garanti sekirite reouvèti lopital Jeneral ».

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 395
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Editoryal: Konsèy Prezidansyèl kowonpi a ba nou yon kado nwèl anpwazonnen

Next Post

Minis sante a jwenn revokasyon l aprè ansasinay jounalis yo nan lopital Jeneral

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Minis sante a jwenn revokasyon l aprè ansasinay jounalis yo nan lopital Jeneral

Minis sante a jwenn revokasyon l aprè ansasinay jounalis yo nan lopital Jeneral

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,465)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,920)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,032)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,827)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?