Nan yon atik New York Times pibliye nan lannuit vandredi 14 mas 2025 lan, administrasyon Trump lan vle entèdi sitwayen ki sòti nan 43 peyi nan mond lan antre Etazini. Nan lis sa a, Ayiti twouve l nan kategori Oranj lan.
Wouj, Oranj ak Jòn se 3 pati sa yo ki gen nan lis sa e Ayiti twouve l nan lis Oranj lan bò kote
Byelorisi, Sid Soudan, Syera Leyòn, Eritrea, Laos, Myanma, Pakistan ak Tikmenistan. Selon medya a yo ap sèlman mete restriksyon pou resòtisan yo men yo pap entèdi yo antre Etazini.
Pou sa ki gen pou wè ak lis Wouj la, nou jwenn 11 peyi ki se Afganistan, Soudan, Siri, Yemen, Libi, Iran, Somali, Koredinò, Venezwela, Kiba ak Boutan.
Pou sa ki konsène 3yèm gwoup la ki se Jòn, ki se 26 peyi otorite amerikèn yo vle kanpe sou ba yo viza pou yon ti tan. Yo di gouvènman yo pa fè jefò pou adrese defisyans yo nan 60 jou. Ladan l nou jwenn plis pase 20 peyi tankou : Repiblik Dominikèn, Benen, Mali, Boukina Faso ak Repiblik Kongo.
Jounal la nan detay li bay yo fè konnen, nouvèl entèdiksyon vwayaj sa Etazini ap enpoze a pral pi laj nan dimansyon li pase restriksyon ki te enpoze pandan premye manda Donald Trump lan. E yo presize lis sa a se Ministè Zafè etranjè Etazini ki prepare l e ki ka chanje nan nenpòt moman.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025