Nan yon atik li pibliye nan lannuit madi 11 mas 2025 lan, Miami Herald fè konnen administrasyon Trump lan vle entèdi sitwayen kiben ak ayisyen pou antre Etazini. Desizyon sa a vini aprè yon nouvo entèdiskyon vwayaj ki ta dwe genyen pou Kiba ak Ayiti.
«Administrasyon Trump lan vize mete Kiba ak Ayiti sou yon lis peyi sitwayen yo pap ka antre nan peyi a», se sa Miami Herald rapòte.
Li kontinye pou l di : «Kiba sou lis Depatman Deta a genyen sou peyi ki sipòte teworis yo, kidonk li kapab vin sou yon lis wouj, kote yo ap tou met yon entèdiksyon vwayaj total sou li. Poutan, Ayiti li menm twouve li nan lis ki gen mwens restriksyon».
Jounal la fè konnen prezidan Donald Trump te pase lòd pou otorite yo trase yon lis peyi ki ka gen entèdiksyon vwayaj sou yo, kèk tan aprè l te pran pouvwa a. Yo di, entèdiskyon sa sanble tèt koupe ak mezi li te pran nan premye manda li a kont Mizilman yo. Se te sou pretèks peyi moun sa yo pa gen bon aparèy sekirite pou verifye pase yo.
Nan menm atik sa, Miami Herald fè kwè lide entèdiksyon vwayaj sa sòti nan yon dekrè prezidan ameriken an te siyen 30 janvye pase a. Nan dekrè sa, li te mande Depatman Deta, Depatman Sekirite Enteryè ansanm ak lòt ajans yo pou idantifye tout peyi atravè mond lan ki pa gen yon bon sistèm kontwòl sou yo. Konsa, li ta jwenn yon mwayen pou jistifye pi byen sispansyon pou tout resòtisan yo.
Medya a site yon pòt pawòl Depatman Deta ki di dekrè 14161 prezidan Trump lan, fè pwovizyon pou pwoteje Etazini kont teworis etranje ak lòt menas pou sekirite nasyonal ak sekirite piblik. Se sa k fè, pwosesis viza a dwe bay asirans vwayajè etranje ki ale nan peyi sa pa reprezante yon menas pou Etazini.
«Depatman an ap fè yon revizyon konplè sou tout pwogram viza jan dekrè a egzije sa epi reponn ak priyorite administratif yol», se sa pòt pawòl la eksplike yo.
Annatandan desizyon sa ofisyèl, Miami Herald fè konnen entèdiskyon sa poko fin klè pou Kiben ak Ayisyen yo. Men, li soulinye nan vèsyon anvan an, entèdiksyon vwayaj la te sispann bay viza imigran ak sila ki pa imigran. Anpil peyi te anba divès degre restriksyon.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025