Jounal Miami Herald nan yon atik li pibliye jodi jedi 20 fevriye 2025 lan, revele administrasyon Trump lan redui ekstansyon pwoteksyon depòtasyon pou plis pase yon demi milyon Ayisyen k ap viv Etazini.
Alòske administrasyon Biden nan te pwolonje Estati Pwoteje Tanporè (TPS) Ayisyen yo pou jis mwa fevriye 2026, jounen jedi a Depatman Sekirite Enteryè ki modifye estati legal sa a, anonse l ap fini 3 dawout 2025 k ap vini la.
Daprè deklarasyon yon pòt pawòl Depatman Sekiritè Enteryè, Biden ak Mayorkas te eseye mare men administrasyon Trump lan lè yo te pwolonje TPS Aysiyen yo pou 18 mwa. Li soulinye pou l di, y ap retabli entegrite estati legal sa, ki daprè sa l di te abize ak eksplwate pa etranje ilegal yo pandan plizyè dizèn ane.
Miami Hérald raple administrasyon Biden nan te chita sou kriz ekonomik, sekirite, politik ak sante Ayiti ap konnen an pou te pwolonje TPS pou Ayisyen yo nan mwa jiyè 2024 la. Yo fè konnen gouvènman ayisyen an nan gwo boulvèsman depi nan ane 2021 aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse sitou aprè demisyon premye minis Ariel Henry.
N ap raple, nan premye manda l la prezidan Donald Trump te deja fè yon tantativ pou kanpe TPS pou Ayisyen yo. Men, jiskounye a otorite amerikèn yo poko deside si y ap pran desizyon pou kanpe pwogram pwoteksyon sa pou imigran ki sòti Ayiti yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025