Jan prezidan Gustavo Petro te swete l lan, 91 migran sa yo ateri Kolonbi nan avyon prezidansyèl kolonbyen an, maten madi 28 janvye 2025 lan.
Avyon sa ki sòti El paso, yon vil nan Texas ateri nan vil Bogota, nan Kolonbi. Se te okazyon pou chèf leta kolonbyen an, Gustavo Petro te salye vini migran li yo kote li swete yo byenvini lakay yo.
Nan yon piblikasyon li fè sou kont ofisyèl X li nan moman migran yo ap desann avyon an, Gustavo Petro raple moun sa yo se sitwayen kolonbyen epi yo lib. Li soulinye moun sa yo nan patri yo, kote yo renmen an. E li defann yo pa kriminèl yo se, daprè li menm, moun ki vle travay, fè pwogrè ak viv lavi yo.
Migran sa yo ki rive Kolonbi jodi madi 28 janvye 2025 lan pa t genyen menòt nan men yo jan chèf leta peyi yo a te vle sa. « Konpatriyòt nou yo sòti Etazini lib, avèk diyite epi san menòt » se sa Gustavo Petro ekri sou kont X li. Pandantan sa, li fè konnen yo òganize yon plan kredi pwodiktif, asosyativ e ki pa chè nan avantaj migran yo.
91 moun sa yo pa premye gwoup Kolonbyen Etazini depòte paske ayè lendi 27 janvye 2025 lan 110 lòt te kite vil San Diego pou vini an Kolonbi. Se chanselye kolonbyen an, Luis Gilberto Murillo ki te konfime enfòmasyon sa. Moun sa yo daprè sa l di, gouvènman an te fè yon fason pou yon avyon lame lè kolonbyèn nan al pran yo nan respè pwotokòl ki la pou sa. Yon fason pou yo te ka tounen ak diyite pandan dwa yo ap respekte.
N ap soulinye, migran sa yo rive nan avyon prezidansyèl kolonbyen an akoz prezidan peyi sa te pran desizyon pou pa t resevwa okenn moun Etazini ap depòte nan avyon militè pa yo. Aksyon sa te kreye dimanch 26 janvye pase a gwo chirepit ant Gustavo Petro ak Donald Trump. Sa ki te pouse prezidan ameriken an anonse divès sanksyon kont Kolonbi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025