Aprè plizyè jou ap kouri pou bal bandi ki nan kowalisyon Viv ansanm nan, kèk manm nan popilasyon an pran chimen laprès jodi jedi 31 oktòb 2024 la, pou fè tande vwa yo.
Nan yon ti bat bouch ak travayè laprès jounen jedi 31 oktòb 2024 la, moun k ap viv Solino adrese yo ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) kote yo di yo bezwen retounen lakay yo. Abitan sa yo mande otorite yo pou mete lapè nan katye Solino yon fason pou pèmèt timoun yo retounen lekòl.
Pi lwen, yo mande ak chèf gouvènman Ayisyen an, Garry Conille ansanm ak Konseye prezidan yo pou yo aji prese prese yon mannyè pou retire santèn nan moun sa yo ki nan lari a. Sa ap ede moun sa yo ki aktyèlman al pran refij nan legliz, lekòl retounen lakay yo.
Moun sa yo ki pa mete dlo nan bouch yo pou denonse fason bandi Viv ansanm yo touye ak krabinen 5 moun ayè mèkredi a. E yo di tou yo rete kwè sa pa dwe rete konsa, paske selon sa yo di gang yo vyole fi kou gason.
Abitan sa yo mande ak rès manm popilasyon Solino a ansanm ak Dèlma pou rejwenn yo nan yon batay kont gwoup gang yo. Ki yo menm la pou detwi moun.
Pwotestatè yo te pwofite reklame prezans Fòs Lame Ayiti (FAD’H) nan katye sa k ap konnen yon move moman depi 17 oktòb pase a anba vyolans gang kote yo touye moun ak mete dife nan kay moun yo. Pandantan sa, yo fè konnen kesyon maryaj polis ak popilasyon an (MPP) pa pote fwi pou moun Solino pwiske se yo menm k ap sibi plis anba men bandi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024