Yon jou aprè abitan Kanapevè yo te pran lari pou di non ak zak vyolans yo, abitan komin Kenskòf yo te mete pye yo atè tou jounen jedi 20 mas 2025 lan. Mouvman sa fèt nan lide pou yo denonse ensekirite y ap viv depi plizyè mwa a nan zòn yo a.
Moun sa yo te al plante pikèt yo devan komisarya Kenskòf la pou egzije otorite yo nan leta a frennen fenomèn ensekirite a. Manifestasyon sa fèt sou inisyativ òganizasyon «Rèl peyizan», ki mande dirijan yo kwape gang yo ki gentan pran yon pati nan komin nan.
«Nou mande sekirite chèf Kenskòf», se pami sa ki te ekri nan pankat manifestan yo te gen nan men yo. Yo kalifiye tèt anba lidè ki selon yo responsab komin nan ki kraze a.
Youn nan pwotestatè yo te deklare nan mikwo laprès, Kenskòf se yon komin Divalyeris paske menmsi anba lavil konn gen pwoblèm, kote sa pa janm gen anyen. Se pou sa, li lonje dwèt sou patizan PHTK yo ak yon gwoup moun ki mete moun deyò nan plizyè lokalite nan komin nan.
«Nou pran nan yon konplo avèk dirijan k ap dirije nou nan komin nan. Majistra ak ansyen depite ki pase yo mete tèt yo ansanm pou yo livre komin nan», se deklarasyon sa sitwayen an fè. Li fè konnen, Kenskòf ak Bonga pa konn tann manje nan men moun, paske se travay yo konn travay pou pote manje anba lavi l. Yon sitiyasyon ki chanje jodi a, puiske yo oblije ap tann leta pote ti manje ba yo.
Sitwayen sa akize dirijan nan Kenskòf yo kòm moun ki pa vle pran responsablite yo pou mete sekirite ladan l. Pi lwen, lòt manifestan yo di yo bouke ak pwoblèm ensekirite, kote yo ap kouri dèyè yo pou yo pran tè yo genyen.
Moun sa yo te pwofite manifestasyon sa a pou egzije ansyen depite Alfredo Antoine al devan lajistis ayisyèn. Yon demann ki vini aprè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te revele yo jwenn li ta gen koneksyon ak gang epi ta gen men l tranpe nan sa k ap pase nan komin Kenskòf la.
«Alfredo Antoine pèp Kenskòf la mande w al reponn kesyon DCPJ», se sa yo te ekri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024