Moun k ap viv nan Pòtoprens pa sispann kouri kite kay yo akoz zak bandi yo ki kontinye ap vin pi plis chak jou. Jounen vendredi 14 mas 2025 lan, abitan Kafoufèy ak Avni Kristòf yo oblije chape poul yo pou pa viktim anba bal gang yo.
Depi ayè jedi 13 mas la, kout bal pa t sispann chante nan divès kote nan kapital la tankou Avni Kristòf, Kafoufèy, Riyèl Chavann ak ri Kapwa. Jodi vandredi a, sitiyasyon an pa chanje. Sa ki lakoz anpil moun oblije ap kite kay yo.
Yon madanm ki nan kouri sa, eksplike lapèn li dèske l ap viv nan yon kondisyon laperèz puiske chak swa li oblije ap veye kote gang yo ap parèt pou l kouri. Nan sans sa, li menm deklare li prè pou l kite Pòtoprens.
«Depi yo ban m wout kounye a mwen kite Pòtoprens m al nan peyi m», se deklarasyon sa a madanm nan fè pandan l t ap reponn kesyon jounalis. Li pa t bliye soulinye tou fason li santi l paske gang mete l deyò menmsi li t ap fè anpil rezistans.
Pi lwen, madanm sa fè konnen menm lajan li pa bezwen pou l ale. Paske se pasaj sèlman li bezwen pou l ka kite Kapital la : «Lè m rive nan peyi m m ap jwenn yon pye bwa pou m rete, mwen pap mouri, m ap dòmi nan lapè». Toujou daprè sa li di.
«Mwen kouri Kafoufèy vin ri Kamo men kounye a mwen oblije kouri kite l, mwen pran bagay yo mwen sòti menm pa konn kote m prale e m pa gen lajan pou m anfème kay», se sa yon lòt viktim deklare.
Moun sa yo se yon pakèt moun ak timoun epi ak pakèt nan men ki ap kouri san okenn destinasyon. Se poutèt sa gen yon lòt sitwayen ki denonse vye sitiyasyon sa l ap viv nan pwòp peyi l : «Mwen menm mwen sou 4 kouri, imajine w mwen gen pitit, pito se te kay vwazen an mwen t al pran imilyasyon sa a», se sa mesye a deklare.
Dènye jou sa yo, vyolans nèg ak zam yo pa sispann ogmante sitou nan kapital la. Kote bandi sa yo mete dife nan lokal Radyo Televizyon Karayib, kase Radyo Melodi FM ak fè moun kouri kite kay yo. Se menm sitiyasyon sa ki pouse Fakilte Syans Moun (FASCH) fèmen pòt li pou jis 31 mas 2025 k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025