Nan yon rapò yo pibliye ayè jedi 10 avril 2025 lan, Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) fè konnen gen 80 moun ki mouri nan atak bandi fè sou vil Mibalè ak Sodo. Nan chif sa a li fè kwè genyen 19 manm popilasyon sivil la, yon polisye, 60 bandi ak prizonye ki mouri epi 3 lòt sitwayen ki disparèt.
Nan yon premye tan, ògan k ap defann dwa moun nan deklare se nan lokalite Triyanon gang yo te kòmanse fè dega jis yo rive anvayi 2 gwo vil sa yo. Nan zòn La Bastiy, bandi yo touye 4 manm popilasyon an nan lannuit 30 pou rive 31 mas la. Nan dat ki te 31 mas la, yo ansasinen 13 lòt moun Mibalè.
Pami moun bandi ansasinen yo nou jwenn polisye Inite Tanporè Antigang (UTAG) nan Garry Junior Luma, yon manm brigad vil la yo idantifye kòm Billy Bellevue alyas Bèk Kare, 2 mè kominote Sent Terèz yo Jeanne Voltaire ak Evanette Onezaire, epi ajan sekirite lopital inivèsitè Mibalè a Junior Roben Louis.
Nan yon lòt bò, RNDDH soulinye genyen yon jèn fanm ki sòti blese, epi genyen jounalis Jean Christophe Collège, ak Roger Claudy Israël epi yon frè li ki rele Marco Israël ki disparèt depi 31 mas 2025 lan. 3 moun sa yo ta nan men bandi toujou selon sa ki ekri nan rapò a.
Nan dokiman sa a, òganis sa k ap defann dwa moun yo lonje dwèt sou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an. Moun sa yo, daprè li, ap jwe ak sitiyasyon sekiritè peyi a epi ap tann se lòt moun k ap vin jere pwoblèm sa pou yo. Se nan lojik sa yo fè konprann depi lè KPT a pran tèt peyi a, yo resanse 13 atak bandi fè an Ayiti.
Kidonk, yo kritike gouvènman tranzisyon an ak tout lapolis, puiske li di, youn nan yo pa gen yon bon plan pou retire peyi a nan sitiyasyon vyolans grav sa a. Men, li mansyone li pito wè yo ap plede fè popilasyon an fo pwomès pandan gang yo menm ap pran plis teritwa.
Nan sans sa, RNDDH mande otorite yo pou degaje yo retabli sekirite nan Mibalè ak Sodo pou moun yo ka tounen lakay yo. Li mande tou akonpanyman sikolojik, finansyè ak medikal pou deplase yo, nan nivo yo chak ap bezwen sa. Epi yo vle tou pou fòs lòd yo jwenn tout lajan entelijans divès antite nan leta a ap gaspiye, daprè sa yo deklare.
N ap raple, selon dènye chif delege depatmantal la, Frédéric Occéan gen 31 465 moun ki kouri kite lakay yo nan zòn sa yo. 11 135 ladan yo nan kan deplase tandiske 20 330 lòt jwenn refij kay yon fanmi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025