Daprè La presse, jodi lendi 17 fevriye 2025 lan, anviwon 8 moun sòti blese nan yon aksidan ki fèt nan ayewopò Entènasyonal Pearson nan vil Toronto ki chita kò l Kanada.
Daprè enfòmasyon medya a rapòte, avyon sa te sòti Minneapolis, Etazini, pou l te al ateri nan ayewopò Toronto a. E li mansyone li rete kounye a pou yo gade gravite blesi viktim yo.
Anita Anand, ki se minis transpò yo Kanada reyaji sou kont X li kote l di l ap suiv ak anpil atansyon sa k rive nan ayewopò a. Yo idantifye vòl la kòm yon 4819 Delta Airlines ki te sòti Minneapolis la. Minis lan rasire tout moun pou di : «Tout 80 pasaje ki te ladan l yo la».
Bò kote pa l, ayewopò Toronto Pearson di li aprann ensidan sa ki rive a nan moman yon avyon Delta Airlines t ap ateri. Li soulinye ekip ijans yo te reyaji rapid sa ki fè yo jwenn tout pasaje yo ak tout manm ekipaj yo.
N ap fè konnen, ensidan sa fèt kèk jou aprè avyon prive chantè Vince Neil ki se manm gwoup heavy metal Mötley Crüe, te fè aksidan lendi 11 fevriye pase a, nan ayewopò Scottsdale, ki nan Arizona. Avyon sa te frape ak yon lòt avyon e te lakoz lanmò yon manm nan ekipaj la epi 3 lòt moun te sòti blese.
Credit Photo: 7sur7.be
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025