Selon Inite Awondisman Sanitè (UAS) depi prèske yon semèn maladi kolera ap fè raj nan Fonbatis ki twouve li nan 7yèm seksyon kominal Akayè. Nan yon kout entèvyou responsab yo te genyen ak Mag Haiti ayè madi 11 mas 2025 lan, yo fè konnen gen 8 moun ki gentan mouri pandan gen yon dizèn lòt ki lopital k ap pran swen.
«Inite Sanitè Mate yo ap fè fas ak yon nouvo vag kolera depi prèske yon semèn. Pou wikenn sa a nou jwenn enfòmasyon ki fè n konnen gen 8 moun mouri nan lakay yo, epi plis pase yon dizèn lòt gen siy ak sentom kolera a», daprè deklarasyon doktè Accilus Deluc ki se responsab sante pou tout komin Akayè a.
Men, li soulinye chif sa yo se pa chif ki anrejistre jan prensip epidemyolojik la mande sa a. Menmsi, li fè kwè jodi madi 12 mas la gen pasyan ki trete e ki antre lakay yo, sa pa anpeche gen gwo jefò ki pou fèt nan zòn sa a
Responsab la soulinye plizyè pwoblèm ki genyen nan zòn Fonbatis. Premye bagay se dèske li se yon kote ki difisil pou moun rive. Dezyèm bagay la konsène gwo pwoblèm enfraestrikti sanitè puiske pa gen lajan. Mete sou sa, doktè a fè konnen moun yo ap viv nan move kondisyon ijyèn kote pa gen dlo potab. Kidonk, moun yo lage nan bwè dlo sous ak kou dlo.
Nan bò pa yo, yo fè konprann yo menm anndan Inite Awondisman Sanitè te fè 2 vizit pou te sansibilize moun yo. E revele yo te pwofite moman sa pou te bay moun yo ponp aspèsyon, savon, klowòks, sewòm oral, akwatab ak solite. Sa ki selon medsen an pa anpeche maladi a kontinye ap pwopaje.
Fas ak sitiyasyon sa a pwofesyonèl lasante a lanse yon gwo alèt pou otorite yo nan nivo Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP). Se pou sa li deklare : «Annatandan nou lanse yon apèl an ijans pou siperyè nou yo nan MSPP, yon fason pou jwenn patnè nasyonal ak entènasyonal pou kapab ede popilasyon sa a ki ap soufri a».
N ap soulinye, nan Pòtoprens espesyalman nan Site Solèy Medsen San Fwontyè (MSF) te anonse lendi 10 mas 2025 lan gen 148 moun ki gen kolera e ki ap pran swen nan men yo. Nan sans sa, yo menm tou te mande pou tout moun toujou gen bon jan aksè ak dlo pwòp epi jwenn laswenyay. Paske, malgre tout bagay, kolera toujou reprezante gwo menas pou peyi a selon yo menm.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025