7 nan 9 manm ki dwe fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) prete sèman jounen vandredi 18 oktòb 2024 la. Seremoni sa a te fèt nan Lekòl Majistrati a ki chita kò l sou wout Frè a.
Seremoni sa ki te dwe fèt nan lakou Kasasyon te bay anpil pwoblèm akoz kout bal ki t ap tire nan zòn Channmas la. Se yon sitiyasyon ki lakoz otorite yo menm jan ak popilasyon an te ap kouri pou bal bandi epi te oblije al fè li an sou wout Frè a pou plis asirans.
Pou sa ki gen pou wè ak 2 sektè ki poko bay reprezantan yo jouskaprezan sektè fanm ak dwa moun poko janm ka antann yo sou kesyon sa.
Moun ki prete sèman jodi a se : Jacceus Joseph ki reprezante sektè peyizan an, Schnaïda Adely ki li menm reprezante sektè vodou a, Nemrod Sanon pou sektè sendikal la, genyen tou Florence Mathieu ki reprezante inivèsite a, Patrick Saint-Hilaire ki la pou legliz katolik epi Jacques Desrosiers ak Peterson Pierre-Louis ki yo menm reprezante laprès ak sektè pwotestan an.
Fòk nou di, seremoni sa te fèt an prezans Premye minis Garry Conille ak 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024