Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société International

67 moun mouri nan yon aksidan avyon Etazini

Mag Haiti by Mag Haiti
January 31, 2025
in International
0
67 moun mouri nan yon aksidan avyon Etazini

Nan lannuit mèkredi ki te 29 janvye 2025 lan, yon avyon American Airlines ak yon elikoptè lame te kwaze ansanm, kote tou 2 aparèy yo rive kraze epi tonbe nan flèv glase nan Potomac, toupre ayewopò Ronald-Reagan nan. Daprè otorite ameriken yo, 2 aparèy yo te genyen 67 moun, e yo deklare tout moun sa yo pèdi lavi yo nan aksidan sa.

« Malerezman pa gen youn nan moun yo ki pa mouri, se yon lannuit tristès pou kapital nou an ak nasyon nou an », se pawòl sa yo prezidan Donald Trump te deklare nan sikonstans lan.

Nan moun yo idantifye yo nou jwenn 4 manm ekipaj avyon konpayi ameriken an. Genyen pilòt la ki se Jonathan Campos, ko pilòt la, Samuel Lilley ak 2 otès ki se youn aprè lòt Ian Epstein ak Danasia Elder Brown.

Bò kote pasaje yo genyen plizyè fanmi ki peri pami yo Donna Smojice Livingston, mari l ki pote non Peter ak 2 pitit fi li ki se Everly ak Alydia. Pitit moun sa yo genyen youn aprè lòt 14 ak 11 lane.

Nan dram sa yon pakèt atlèt ris, ameriken ak chinwa mouri ak kèk manm nan fanmi yo. Ladan yo nou jwenn patinè Evgenia Shishkova, ak mari l Vadim Naoumov ki te chanpyon mond lan nan lane 1994. Pou lòt espòtif yo nan yon premye tan, nou jwenn Spencer Lane ak manman l Christine Lane, Jinna Han ak manman l Jin-Han, Cory Haynos ak tout paran l yo.

Nan yon lòt tan, genyen antrenè Alexandre Kirsanov ak elèv li yo Angela Yang ak Sean Kay ak ansyen patinè Inna Volyanskaïa. Yon gwoup 7 zanmi pami yo Michael Stovall, ak Jesse Pitcher. Epi te genyen konsiltan Asra Hussain Raza, Wendy Jo Shaffer ak plizyè avoka tankou Elizabeth Anne Keys, Sarah Lee Best ak Kiah Duggins, ki li menm te travay nan Mezon Blanch sou administrasyon Barack Obama a.

Pou non viktim elikoptè lame ameriken an, Black Hawk, otorite yo di youn nan viktim yo idantifye sou non Ryan O’Hara, se te chèf ekip la.

Pou kounye a, ekip ponpye ki sou plas la rive jwenn 40 kò nan dlo a e otorite yo anonse tou yo jwenn 2 bwàt nwa avyon an. Selon deklarasyon chèf yo a, John Donnelly, yo ap fè kou yo konnen pou jwenn kò tout viktim yo yon fason pou yo ka remèt fanmi yo kadav yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 410
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Alix Didier Fils-Aimé mande popilasyon an pran pasyans paske lòd pral retabli

Next Post

Gouvènman an ak Lapolis te konnen bandi te gen pou atake Kenskòf

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis anonse l ap mennen operasyon nan Kenskòf

Gouvènman an ak Lapolis te konnen bandi te gen pou atake Kenskòf

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,854)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,003)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,177)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,920)

Nouveaux Articles

  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens
  • RNDDH denonse gaspiyaj vwayaj delegasyon 20 moun konseye Frinel Joseph pral fè a
  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?