Prezidan Kenya a, William Ruto anonse 600 nouvo polisye kenyan ap gen pou vini an Ayiti nan jou k ap vini yo. Ofisye sa yo ap vini pou kapab ranfose kapasite operasyonèl Fòs miltinasyonal la ki la deja.
Nan yon konferans pou laprès li bay jounen vandredi 11 oktòb 2024 la avèk premye minis Garry Conille chèf gouvènman Kenya a, William Ruto fè konnen nan yon ti tan 600 ofisye ap kite peyi l la pou vin rejwenn Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite (MMSS) a an Ayiti.
Nan sans sa, laprimati bò kote pa l nan yon mesaj li poste sou kont X li, enfòme Premye minis Garry Conille te plede e jwenn sipò gouvènman Kenya a. Vizit sa PM nan fè a antre nan kad nouvo estrateji sekirite ki enplike ranfòsman ekipman ki pi adapte, ki gen ladan l materyèl ayeryen ki solid.
Toulède pati yo afime nan kad rankont sa genyen yon plan travay ki deja fèt pou pèmèt deplasman 600 ofisye sa yo fèt pi rapid. Men, Prezidan Ruto nan bò pa l mande kominote entènasyonal la rejwenn MMSS la paske peyi li a deja fè yon sèl ak Ayiti.
Pou fini, li mande pou patnè mondyal yo akselere kontribisyon pèsonèl, lojistik ak finans yo pou sipòte ak elaji misyon an. Selon li menm, sa yo dwe fèt yon fason pou gen yon Ayiti nan lapè, estab e ki gen sekirite ladan l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024