Peyi Bayamas ki te pwomèt l ap voye 150 sòlda pou sipòte Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) nan batay kont gang yo nan peyi a voye 6 sòlda l jounen vandredi 18 oktòb 2024 la.
Nouvo ajan peyi sa vini an Ayiti nan kad jefò pou ranfòse fòs Miltinasyonal la. Pou kounye a, plizyè peyi fè pwomès tou e nan pa lontan 600 nouvo polisye kenyan ta dwe pile sòl ayisyen an.
Malgre fòs la nan peyi a depi mwa jen 2024 la, sa pa anpeche gang ak zam yo ap pran plis zòn e teworize popilasyon an. Tandiske otorite yo yo menm, yo kontinye ap pwolonje eta ijans sekiritè sou peyi a, pandan bandi ak zam pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024