Depi madi 7 janvye 2025 la, Vil Los Angeles anba gwo dife. Yon sitiyasyon ki lakoz genyen 5 moun ki pèdi lavi yo, tandiske genyen 130 000 lòt ki kouri kite kay yo nan menm vil sa daprè plizyè medya entènasyonal.
Aldena, ak Pasifik Palisade se 2 vil ki prèske kraze nèt ak dife sa. Nan divès imaj satelit ki pataje yo tout moun kapab wè kòman vil sa yo kraze puiske dife a pa sispann fè dega malgre medya yo fè konnen ponpye yo sou plas depi 3 jou.
Los Angeles Times fè konnen tanpèt dife sa ki eklate a gen plizyè non. Nan yon bò, yo di genyen dife ki rele Palisades ki boule 17 234 acres, Eaton li menm boule 10 600 acres. Nan yon lòt bò, genyen Hurst ki lakoz 855 acres boule, epi genyen Sunset ki boule 42 acres, anplis kay ki pran dife yo, sa ki te fè genyen lòd pou moun ki rete nan anviwon Hollywood yo pou kite zòn nan. Men jodi jedi 9 janvye a, sèvis k ap travay nan domèn dife nan vil Los Angeles la te rive retire alèt sa.
Selon BFMTV, genyen anviwon 3000 kay ki kraze. Nan batiman sa yo li soulinye genyen kay gwo aktè ak pèsonalite piblik tankou Jamie Lee Curtis, Anthony Hopkins, Paris Hilton, Ben Affleck, Mark Hamill, Laeticia Hallyday, ak Patrick Bruel ki andomaje tou.
«Nou pèdi tout bagay», se sa youn nan moun sa yo deklare. Fas ak fenomèn sa, prezidan ameriken an Joe Biden te oblije anile vwayaj li nan peyi Itali yon fason pou voye je sou repons responsab yo ap bay nan sitiyasyon ijans sa. Nan sans sa, Aktris amerikèn Jamie Lee Curtis anonse fanmi li ap bay yon milyon dola vèt pou ede otorite yo nan demach pou kapab reponn ak bezwen vil sa a nan moman an.
Daprè Los Angeles Times, pou kounye a, otorite yo deside fèmen pòt lekòl ak Biwo eskolè yo nan vil la apati vandredi 10 janvye k ap vini la.
Crédit Photo: RFI
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025