Lapolis anonse 5 bandi mouri nan echanj kout bal ak yo nan vil Okap espesyalman nan zòn Nan Zonbi ayè samdi 3 me 2025 lan. Anplis viktim sa yo, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen li arete yon jèn fanm yo idantifye kòm madanm 2yèm chèf gang sa a, Dessalines, ki tonbe nan afwontman sa a.
Dessalines, Tchaly, Petyon, Bicha ak Kòvè se non endividi sa yo lapolis la di ki jwenn lanmò yo nan kan gang sa a. Daprè yo menm, gang sa a ap opere nan antre Sid vil Okap kote yo enplike nan touye moun, fè kidnaping, vyole epi vòlè afè moun.
Nan operasyon sa a fòs lòd yo te mennen an, yo fè konnen yo te rive arete Kerla Saint-Juste ki ta madanm 2yèm chèf gang kote sa a. Pou sa ki gade materyèl, yo di yo sezi 2 zam youn ki se yon Taurus ak yon atizanal epi plizyè bal.
«Operasyon sa te vize kraze yon gwoup gang ki gen Koulou kòm chèf», daprè sa yo presize. Pandantan sa a, yo soulinye direktè depatmantal polis Nò a, komisè Sem Calixte te la ak tout yon jij pou lapè ki te fè konsta yo. Yo pwofite evènman sa a pou raple enstitisyon polisyè a toujou kenbe menm angajman an anvè popilasyon an yon fason pou tabli sekirite nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025