Pou pi piti 35 bandi mouri epi 40 lòt blese nan afwontman ak fòs lòd yo nan zòn Pako ayè mèkredi 23 avril 2025 lan. Selon direktè egzekitif Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH ), Pierre Espérance bandi sa yo mouri aprè lapolis, Fòs lame Ayiti (FAD’H) ak brigadye Kanapevè yo te mete pye yo atè kont gang yo.
Menmsi gen yon polisye ak 2 sòlda FAD’H ki se brigadye ki te viktim tou, men daprè plizyè lòt sous nou ka fè konfyans gen pou pi piti 35 bandi ki te jwenn lanmò yo tou. Daprè presizyon yo, pifò nan endividi sa yo mouri anndan kay yo te antre yo gras ak itilizasyon dwon kamikaz yo, alòske gen lòt ki mouri nan zòn tankou Aveni N, Pako, ak Ri Kaseyis.
Pou sa ki gen pou wè ak materyèl ki te sezi yo, responsab RNDDH la mansyone brigadye yo te jwenn 4 zam e te remèt yo bay lapolis.
Menm jan videyo ki t ap sikile sou rezo yo se te montre l la efektivman gen anviwon 3 fòs lòd ki tonbe. Men, fòk nou soulinye aksyon sa a te plis vize mete popilasyon an nan laperèz. Paske, nonsèlman viktim sa yo te pran nan pyèj men tou endividi ak zam yo vle montre fòs yo alòske yo menm tou yo te pèdi plizyè alye.
N ap raple, nan kad menm batay sa a kòdinasyon laprès lapolis la te anonse madi pase a, plizyè bandi te sòti blese nan operasyon yo te tanmen nan menm zòn sa a. Mete sou sa, yo te fè konprann yo te rive sezi yon fizi AR-15.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025