32 moun sòti blese nan eksplozyon 2 bato ki fèt sou lanmè a an Angletè jodi lendi 10 mas 2025 lan, aksidan sa a pase espesyalman nan zòn Nò kot Yorkshire Lès peyi sa a. Selon BBC News ki site deklarasyon direktè jeneral pò Grimsby East, Martyn Boyers, gen manm ekipaj bato yo otorite yo poko jwenn tras yo.
Aktyèlman selon jounal la, gad kot britanik yo lanse gwo operasyon pou sove moun ki enplike nan eksplozyon sa a. Menmsi yo pa presize konbyen moun ototal ki te nan 2 aparèy yo, men yo fè konprann nan aksyon yo gentan mennen yo, yo rive mennen 32 blese atè deja, pandan operasyon yo ap kontinye.
Pou sa ki gen pou wè ak bato yo, yo fè konprann se yon bato petròl ki pote non «Stena Immaculate» ak yon bato ki konn pote konntenè ki rele «Solong», ki pran dife a. Yo presize, toulède aparèy yo te sòti youn aprè lòt nan pò d’Agioi Theodoroi a ak pò Grangemouth la. Premye a ta prale Humber, pandan Solong li menm te gen Rotterdam, Peyiba, kòm destinasyon.
Pou sa ki gen pou wè ak viktim yo, direktè bato Stena a, Erik Hanell fè jounal la konnen yo jwenn tout manm ekipaj li yo. Tandiske, direktè jeneral pò Grimsby East a, Martyn Boyers, fè kwè gen kèk manm ekipaj yo pa gen nouvèl yo.
N ap soulinye, deja gen yon ekip anketè ki sou plas nan lide pou kapab jwenn koz aksidan sa a.
Crédit Photo: 7sur7.be
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025