Direktè jeneral Lapolis, Frantz Elbé fè konnen ayè vandredi 16 septanm lan, gen anviwon yon 30èn moun lapolis rive mete anba kòd. Arestasyon moun sa yo fèt nan kad entèvansyon lapolis nan zonn metropolitenn lan pou frennen zak piyaj ak destriksyon byen piblik ak prive yo.
Nan kad pou retabli lòd nan peyi a nan moman gwo mouvman pwotestasyon ki genyen nan prèske tout vil peyi a, Direktè jeneral Polis Nasyonal (PNH) la te reyini ak plizyè manm wo kòmandman an, responsab Direksyon Depatmantal lwès yo (DDO1 ak DDO2), avèk kèk inite espesyalize, tankou: SWAT, BLTS, BLVV, UDMO, CIMO, elatriye.
Objektif reyinyon sa se te pou mete yon pi bon plan sekirite ak wè kòman Polis Nasyonal la te ka retabli lòd nan tout peyi a. Nan kad reyinyon Sila a, Frantz Elbé te mete aksan sou divès entèvansyon lapolis la fè nan zonn metropolitenn lan.
Nan operasyon sa a yo, Direktè jeneral lapolis la fè konnen yo rive mete lapat sou yon trentenn sitwayen ki te patisipe nan zak piyaj epi kraze biznis moun pandan mouvman pwotestasyon popilasyon an te tanmen depi plis pase 5 jou, aprè premye minis Ariel Henry te deside anonse pri gaz la ta pral monte a.
Toujou nan kad pou retabli lòd nan peyi a, kòmandan chak jiridiksyon yo resevwa lòd pou akonpanye teknisyen Ministè Travo Piblik (MTPTC) yo. Mezi sa a penmèt yo debleye epi netwaye wout yo, fasilite sikilasyon an reprann nomàlman epi frennen kriz dlo trete ak dlo kamyon an ki tounen pi gwo pwoblèm popilasyon an pandan peryòd manifestasyon an.
Popilasyon an te rive piye plizyè antrepriz prive nan zonn metropolitenn lan ayè vandredi 16 septanm lan. Pami antrepriz sa yo nou ka site Top Tire’s ki chita kò li sou wout aryopò a, konpayi telefonik Natcom, Bank Inyon Ayisyen (BUH), ladan yo boule plizyè machin ak Konplèks Glwa Divin sou wout dèlma a.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2022