Nan yon atik li pibliye jodi lendi 17 mas 2025 lan, Listín Diario site gad kòt yo ki anonse arestasyon 30 Ayisyen ak Dominiken sou zile Mona, Pòtoriko. Yo fè konnen yo ap transfere yo san pèdi tan bay ajan Patwouy Fwontyè ki twouve l nan vil Mayagüez, nan lwès Pòtoriko.
Selon jounal la, se te 27 Ayisyen ak 3 Dominiken ki rive jwenn arestasyon yo gras konkou depatman resous natirèl ak anviwonnmantal Pòtoriko. Yo transfere yo yon fason pou tann pwosesis depòtasyon yo.
Aprè arestasyon sa, chèf entèvansyon sektè gad kòt San Juan nan, Matthew Romano, deklare fwontyè maritim Etazini yo pa ouvri pou antre ilegal. « Nenpòt moun ki eseye antre ilegalman sou lanmè yo pral arete yo ak trete dosye yo pou rapatriman », se sa l di.
Jounal la eksplike gad kòt yo te jwenn enfòme sou prezans moun sa yo sou zile Mona depi vandredi aprè midi. Manm ekipaj yo te wè yo pandan yo t ap fè patrouy nan yon elikoptè kote yo eksplike yo te wè yon bato kouvri ak fèy epi moun t ap kouri al kache.
Zile Mona ki separe Pòtoriko ak Sendomeng, daprè sa Listìn Diario fè konprann, souvan sèvi kòm wout pou imigran.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025