226 migran Ayisyen ki te ap viv Latiki deside tounen Ayiti jodi madi 11 mas 2025 lan aprè move eksperyans yo fè nan peyi sa a. Sitwayen sa yo ateri ayewopò Toussaint Louverture la gras ak yon vòl espesyal ki te fèt.
«Chwa sa montre volonte ki genyen pou rekonstui isit la malgre tout pwoblèm yo. Leta dwe konprann reyalite sa epi pran tout mezi pou garanti yon lavi miyò pou chak grenn Ayisyen», daprè deklarasyon minis zafè sosyal ak travay la, Georges Wilber ki t al akeyi konpatriyòt sa yo ansanm ak plizyè lòt responsab.
Genyen direktè Ofis Nasyonal Migrasyon an (ONM), Jean Négot Bonheur Delva ki fè konnen vòl sa se te yon vòl volontè. Kote Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) ak kò diplomatik ayisyen an te aranje yo pou rann sa te posib pou Ayisyen sa yo.
Pou kapab jwenn mwayen pou viv an Ayiti kounye a la, responsab la fè konprann ONM ap gen pou bay yo chak la 10 000 goud. Epi OIM li menm ap ba yo 5 000 goud.
N ap soulinye, nan lane 2022 gen 301 Ayisyen ki yo menm tou te deside kite Latiki pou te tounen vin viv Ayiti. Selon moun sa yo, viv nan peyi sa pa t fasil ditou, puiske pa gen travay, gen anpil enjistis epi gen anpil zak rasis tou.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025