Jan kòmandan an chèf fòs miltinasyonal la, Godfrey Otunge te anonse l ayè mèkredi a, yon lòt kontenjan polisye kenyan rive Ayiti jodi jedi 6 fevriye 2025 lan. Nouvo gwoup sa ki gen ladan l 200 polisye, ki sòti Kenya, vin ranfòse Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a (MMSS) nan peyi a.
Se prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, chèf gouvènman an Alix Didier Fils-Aimé, direktè jeneral Polis Nasyonal Ayiti a( PNH), Normil Rameau ak kèk manm kò diplomatik peyi a ki t al resevwa polisye sa yo nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a.
Pou kounye a, 200 nouvo polisye sa yo mete sou sa ki te la deja yo fè fòs sa kòmandan Otunge ap dirije a genyen 800 Kenyan ladan l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025