Nan bilan masak Ponsonde a yo fè nan yon rapò yo rann piblik ayè jedi 10 oktòb la, Fondasyon Je Klere (FJKL) di li anrejistre 2 ti bebe ak 71 timoun ki te blese. Se yon chif ki montre sou plis pase 200 blese, menm timoun yo pa t epanye anba men bandi ak zam Savyen yo.
Daprè Fondasyon Je Klere anplis moun ki mouri yo, yo te rive resanse 2 tibebe, youn gen 22 jou lòt la gen yon lane, nan Konplèks Medikal Pivè. Tandiske, yo te jwenn gen yon timoun ki ap pran swen nan Dispansè Ri Christòf la nan Senmak, epi 70 lòt yo nan lekòl Nasyonal Antwanèt Desalin Senmak la nan klinik mobil ki te fèt 6 oktòb 2024 la.
Pou sa ki konsène lòt blese yo nan yon bò, estrikti a soulinye nan lopital Sen Nikola Senmak la gen 23 pasyan ki te pran bal, 10 nan Sant Ospitalye Nouvèl Espwa. Nan yon lòt bò, nan Konplèks Medikal Pivè a yo jwenn 6 pasyan ladan yo 2 gason ak 2 fanm plis tibebe 22 jou a ak sa ki gen yon lane a.
Nan Dispansè Ri Christòf la menm yo di yo te wè 10 pasyan, pami yo 7 gason, 2 fanm epi yon timoun. Nan klinik mobil yo te fè nan lekòl Nasyonal Antwanèt Desalin Senmak la chif blese yo te jwenn yo te pi wo toujou avèk 182 pasyan, pami yo 70 timoun.
Pou sa ki gade deplase entèn yo, FJKL soulinye genyen plizyè milye moun ki kouri kite kay yo. Sit gran Gon, Venòt, Gadè, lekòl Nasyonal Antwanèt Desalin, ak plas Filip Gèrye a se kote Fondasyon an di li jwenn moun yo al pran refij kounye a.
Fas ak tout sa yo, FJKL mande pou otorite yo ranfòse kapasite lopital, sant sante ak pèsonèl sante yo nan depatman Latibonit. Konsa tou, li mande pou leta sipòte viktim masak la ak tout moun ki kouri kite kay yo, yon fason pou yo kapab reprann aktivite yo nan tout sekirite.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024