Byen bonè jodi mèkredi 12 mas 2025 lan, bandi ak zam tire sou yon ti bis ki t ap sòti Kafou. Nan atak sa a, 2 moun rive pèdi lavi yo pandan gen plizyè lòt ki blese ak bal selon Gazette Haiti News.
Selon detay yo, ti bis sa te genyen anviwon 20 moun ladan li. E nan moman bandi yo t ap tire sou li a pasaje yo te gen anpil laperèz. Sa ki fè, anpil nan yo rive blese e menm pèdi lavi yo.
Pou kounye a, viktim yo twouve yo nan lopital Medsen San Fwontyè (MSF) ki chita kò li Tijo a. Se yon fason pou kapab jwenn swen ka yo merite a.
N ap soulinye, ant ayè madi 11 mas la rive jodi mèkredi 12 mas la anpil manm popilasyon an pèdi lavi yo anba bal bandi. Nan moun sa yo nou jwenn, nemològ Laurent Beaugé ki se te ansyen sekretè deta popilasyon an sou gouvènman Ariel Henry a nèg ak zam rive touye li Dèlma 31 toupre lakay li.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025