Daprè Medsen San Fwontyè (MSF), kolera ap fè ravaj nan komin Site Solèy pandan moman lapli ap plede tonbe a. Selon chif yo bay nan yon nòt yo pibliye jodi lendi 10 mas 2025 lan, gen 148 moun ki aktyèlman ap pran swen nan Inite Tretman Kolera Site Solèy la.
«Depi 15 fevriye, ekip Medsen San Fwontyè (MSF) yo ap pran swen 148 moun ki gen kolera nan Inite Tretman Kolera Site Solèy la», daprè enfòmasyon ekip la bay. Anplis sa, yo fè konnen pou sèlman jounen 6 mas pase a, yo te resevwa 19 ka kolera.
Selon eksplikasyon yo bay, kolera ap parèt kò li nan kominote sa se akoz lapli k ap plede tonbe dènye jou sa yo. Alòske yo soulinye, sistèm dlo ak asenisman yo gen anpil chans pou yo anvayi ak dlo. Sa ki fè, kondisyon ijyèn yo ap vin pi mal epi ogmante chans pou kolera ta gaye pi vit.
Se poutèt sa, MSF mansyone kòman li enpòtan pou tout moun toujou gen bon jan aksè ak dlo pwòp epi jwenn laswenyay. Puiske, se fason sa selon yo, kolera pap jwenn fòs pou fè dega, paske malgre tout bagay li toujou reprezante gwo menas pou peyi a.
Yo fini pou fè konprann, yo menm yo ap kontinye mobilize pou trete epi pwoteje popilasyon ki pi frajil yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025