Direktè jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a, Normil Rameau prezante jounen madi 30 jiyè 2024 la, premye bilan operasyon lapolis pandan peryòd eta ijans sekiritè a. Nan konferans pou laprès li bay la, li fè konnen yo resanse 104 bandi ki mouri pandan peryòd ijans ki sou 2 depatman ak 14 komin nan peyi a.
Se anviwon 104 bandi ki rive pèdi lavi yo ant depatman Latibonit ak Lwès, selon sa Normil Rameau revele. Pami gang sa yo ki tonbe nan afwontman ak lapolis la, DG PNH la site Kerby Joseph, youn nan manm gang Pyèsis nan komin Site Solèy. Se yon lokalite ki souvan sèvi kachèt pou sere machandiz lè bandi yo detounen machin nan zòn Douya, toujou daprè pawòl Normil Rameau.
Anplis, nimewo 1 lapolis la fè konnen nan komin Gantye, Kwadèboukè genyen 3 bandi ki pèdi lavi yo. Lanmò endividi sa yo vini nan moman yo t ap tante pran vil la an otaj nan dat ki te 24 ak 25 jiyè 2024 la. Mete sou sa, li deklare gen 27 bandi ki tonbe Kwadèmisyon, nan operasyon fòs lòd yo te mennen dimanch ki te 28 jiyè pase a. Nan komin Gresye, sitiyasyon an pa t diferan pou nèg ak zam yo kote plis pase 40 bandi pèdi lavi yo daprè premye bilan sa ki bay la.
Nan Dèlma 33, Wo kòmandan PNH la fè konnen François Peterson, yon bandi ki fè pati gwoup gang Taliban, te jwenn arestasyon l ansanm ak 3 lòt gang nan Tibwa jou ki te 18 jiyè 2024 la. Gwoup Taliban sa a gen nan tèt li chèf gang Jeff.
Nan depatman Latibonit ki gen alèt ijans sekiritè sou li tou, direktè Polis la fè kwè se yon total 49 endividi ki rive jwenn arestasyon yo. 4 ladan yo jwenn arestasyon yo pou dwòg ak zam. Sa ki fè ototal genyen 65 endividi ki jwenn arestasyon yo depi jou eta ijans lan dekrete a pou rive jous jounen jodi a, selon presizyon chèf polis la.
Pou sa ki gen pou wè ak materyèl yo sezi epi prizonye yo kenbe yo, nimewo 1 lapolis la mansyone yo rejwenn 5 prizonye. Nan zòn Taba, PNH la sezi 2 fizi kalib 12, yon wouzi, yon fizi AR15 avèk 18 kès kòktel molotòv. Mete sou sa li site 19 zam a fè ak 7 machin yo rekipere, epi yo rive sezi tou 9,24 kilogram kokayin avèk 6,089 kilogram sèch.
Eta ijans sekiritè sila ki dekrete sou 14 komin ak 2 depatman anndan peyi a ki anba kontwòl gwoup gang yo, se yon mannyè pou gouvènman an rive tabli sekirite sou teritwa nasyonal la. Li te kòmanse 17 jiyè pase a, daprè otorite yo li ta dwe dire yon mwa.
sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024