Kèk jou aprè sòlda dominiken yo te pile teritwa ayisyen an kote yo t ap eseye entimide moun yo sou fwontyè a, Minis zafè etranjè yo a, Roberto Alvarez mande jodi jedi 9 novanm 2023 a, selon N Digital pou gouvènman ayisyen an ta deklare piblikman yo pa remèt an kesyon limit fwontyè a vre jan tout ayisyen te deklare l la.
“Nou mande pou gouvènman ayisyen an di piblikman, sou okenn pretèks yo pa remèt an kesyon limit atyèl fwontyè yo jan akò 1929, 1935, ak 1936 di l la”, se sa diplomat la deklare pandan l fè konnen Repiblik Dominikèn pa t janm vyole teritwa ayisyen an, okontrè se kèk sitwayen ayisyen ki t al eseye retire senbòl limit tou 2 peyi yo.
“Nou di Repiblik Dominikèn pa vyole nan okenn fason entegrite teritoryal peyi Dayiti. Se pito kèk sitwayen ayisyen ki te antre pou te vinn retire senbòl la sou teritwa nou an, nan kad pou te fè fas kare ak sòlda dominiken yo ki te jis ap fè yon patrouy sou fwontyè a”, toujou daprè sa l fè konnen pandan l tou pwofite di li pa rekonèt ajan BSAP yo kòm ajan ki fè pati fòs nasyonal polis Ayiti yo.
Malgre diplomat la ap tante jistifye aksyon sòlda dominiken yo te fè madi 7 novanm pase a, bò kote pa nou tout imaj yo te montre aklè fason sòlda yo te rive pile efektivman teritwa ayisyen an. Mete sou sa yo te profite brake zam sou popilasyon an, anplis elikoptè yo te genyen ki te ap fè patwouy nan espas ayisyen an san pèmisyon otorite ayisyèn yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023