Nan kad Misyon Miltinasyonal Soutyen Sekirite (MMSS) ki dwe gen nan peyi a, reprezantan Ayiti ak Kenya siyen ofisyèlman jodi vandredi premye mas 2024 la, akò ki pou pèmèt fòs polis yo a antre nan peyi a. Daprè jounal The Star, akò a siyen nan prezans prezidan kenyan an, William Ruto ak premye minis Ariel Henry.
Prezidan Ruto fè deklarasyon an pandan l fè konnen, li menm ak chèf gouvènman ayisyen a pale sou lòt etap ki ta dwe genyen pou deplwaman an fèt pi rapid toujou. Se pou sa, li peze pou l di aji pou Ayiti se yon devwa istorik pou yo, paske lapè an Ayiti ap bon pou tout mond la.
“Menm jan rezolisyon an di l, preparatif misyon an gentan kòmanse, se menm bagay la tou pou demach otorizasyon yo, preparasyon divès dokiman misyon an ak tout konsèp operasyon an. Politik konduit ak disiplin, akò pwoteksyon estati ak direktiv sou detansyon, pèkizisyon ak rekou fòs yo”, daprè deklarasyon chèf leta kenyan an jounal afriken an rapòte.
N ap fè konnen, mete sou kote divès reyinyon 2 chèf yo fè yo, dirijan CARICOM yo yo menm te anonse depi ayè jedi a, premye minis Ariel Henry pwomèt l ap fè eleksyon nan peyi a 25 dawout 2025.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024